AYITI | Banj lanse ProAI, yon pwogram pou devlope entèlijans atifisyèl an Ayiti

Inisyativ sa a pral rasanble tout moun ki konsène nan divès sektè, tankou akademisyen, devlopè, ak reprezantan sektè piblik ak sektè prive a

Pataje atik sa :
BANJ

Nan objektif pou pi byen gide sosyete ayisyen an sou itilizasyon entèlijans atifisyèl, Bank Devlopman Entè-Ameriken an (BID), an patenarya ak Banj ak divès lòt enstitisyon patnè, te lanse nan Mèkredi 11 Mas 2026 nan Pòtoprens, Pro AI, yon pwogram twazan ki fèt pou fòme, sansibilize epi bati yon kominote ki kapab fè pi bon itilizasyon zouti entèlijans atifisyèl nan peyi Dayiti. Inisyativ sa a pral rasanble tout moun ki konsène nan divès sektè, tankou akademisyen, devlopè, ak reprezantan sektè piblik ak sektè prive a.

Jan nou wèl la, entèlijans atifisyèl ap devlope toupatou nan mond lan, se konsa Ayiti bò kote pa l deside mete men nan pat kasav teknoloji sa, ki reprezante gwo motè pou devlopman ekonomik ak syantifik. Lansman pwogram ProAI a se premye pa nan pwosesis, ki gen pou objektif poze fondasyon pou yon ekosistèm nasyonal entèlijans atifisyèl. Inisyativ la gen ladan fòmasyon pou anviwon 125 pwofesyonèl, òganizasyon atelye espesyalize ak kreyasyon yon rezo ekspè ki kapab devlope pwojè ki adapte ak kondisyon lokal yo.

Déjà genyen anpil aplikasyon potansyèl pou entèlijans atifisyèl an Ayiti, sitou nan domèn agrikilti, jesyon dezas natirèl, analiz ekonomik, edikasyon ak swen sante. Sepandan, devlopman teknoloji sa yo kontinye ap fè fas ak plizyè defi, sitou mank enfrastrikti dijital, mank baz done estriktire ak absans yon estrateji nasyonal ki byen defini pou gide ak sipòte entèlijans atifisyèl. Malgre limitasyon sa yo, inisyativ tankou ProAI ta ka ede demare entegrasyon pwogresif entèlijans atifisyèl nan pwosesis devlopman peyi a.


Pataje atik sa :

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *